BOOTCAMP

Entelijans Atifisyèl (EA) ap transfòme djòb ki gen nan tout kalite endistri, e talè konsa, pou Teknisyen rive gen aksè a yon bon djòb fasilman, yo pral bezwen konnen kijan pou yo jere done.  

Bootcamp nan Analiz Done Ayiti Analytics la se yon pwogram ki ap dire 16 semèn. Li ap pèmèt patisipan yo plonje nan yon seri nosyon ki ap montre yo kijan pou yo itilize teknoloji pou yo ka manipile done nan yon fason pratik. Kondisyon pou yon moun antre nan pwogram lan se sou baz merit, sa vle di fòk ou pami postilan ki pi bon yo. Tout moun ka aplike, kit se moun ki fenk kòmanse nan domèn Teknoloji osinon ki gen anpil eksperyans ladan deja.

Etidyan ki gradye yo ap rete konekte ak nouvo stil djob ki ap vini yo ki konsene teknolojii, Finans, Konsiltasyon, Rechèch, Devlòpman Pwodui, ak Antreprenarya, gras a yon seri patnè tankou Digicel Ayiti, pa egzanp. Vin aprann kijan ou ka metrize pisans Syans Done ak Teknoloji enfòmatik pou ou ka rezoud pwoblèm ki pi konplèks ki egziste nan sosyete a yo!

KONDISYON ADMISYON

Aplikasyon yo fèmen kounye a

Kesyon yo poze nou souvan​

Nou te lanse pwogram lan an kolaborasyon ak 2 patnè, Digicel Ayiti epi École Supérieure d’Infotronique d’Haïti. Li te fèt pou li dire 3 mwa epi fasilite devlopman konpetans Teknik e aplike, ki kouvri yon dividal sijè nan Syans Done tankou Pwogramasyon estatistik ak Python, baz done relasyonèl ak SQL, vizyalizasyon done, Estatistik enferansyèl, ak fondamantal nan Aprantisaj Machin. Akoz kovid-19 la, Ayiti Analytics te oblije chanje pwogram lan radikalman pou li fè etidyan yo suiv kou yo an liy pito.

Pou Ayiti Analytics te reponn fas a pandemi an, li te oblije transfòme Fòmasyon an nan fòm yon lekòl vityèl, pou li te ka pèmèt etidyan yo kontinye suiv kou nenpòt kote yo te ye nan peyi a. Nou te oblije bay etidyan yo plan entènèt ak aksè a òdinatè nan laboratwa ki nan santral Digicel la, nan Pòtoprens. Lè etidyan yo te resi gradye nan pwogram lan 17 out 2020, yo te resevwa yon Sètifika Pwofesyonèl nan Syans Done nan men IBM. Yo te prezante yon pwojè kreyatif yo fè poukont yo ki demontre kapasite yo vin genyen pou yo aplike sa yo aprann lan nan yon domèn ki enterese yo pèsonèlman. Etidyan ki gradye yo te gen ase preparasyon pou yo te travay tankou Analis Done pou Digicel Ayiti ak pou lòt antrepriz ki te pran yo pou travay nan peyi a.

GRADUATED STUDENT
PRESENTATIONS

Weiner Kervens Pierre: COVID-19 Risk Scale By Department.
Tchalins Jeudy: Haiti Health Systems Analysis.
Maickery Bozor: ​Analyzing the Effects of Teenage Pregnancy.
Davidson Versailles: ​YouTube Video Views.
Jonilyto Jean Georges Junior: Prediction of Flight Delays.
Gregory Pinchinat: ​Forecasting US-HTG Exchange Rates in Haiti.
Jean Franco Chosson: ​LinkedIn Analysis of Professionals in Haiti.
Shelsy Dalcide: ​Recommendations for Relocating to a New City.
Max Havel Jacob: ​An Analysis of Universities in Haiti.

KÒWÒT 2020 AN

Foto idantite pwofesyonèl etidyan yo ak lòt foto ki te fèt nan fòmasyon an